Sipò pou moun k ap chèche
Sekirite nan fwontyè a

Support for People Seeking<br>Safety at the Border Support for People Seeking<br>Safety at the Border

Ki moun ki ka mande pwoteksyon nan fwontyè tè Kanada a? Ki jan li travay?

Èske w se yon founisè sèvis ki vle aprann sou pwoteksyon nan fwontyè a?

Sit entènet sa pap bay konsèy legal sou sitiyasyon espesifik pa w. Enfòmasyon sa yo pa di w sa ki pral rive w nan fwontyè a, ni ki desizyon ou ta dwe pran.

Nou se yon klinik legal Kanadyen gratis. Nou bay enfòmasyon legal ak konsèy rapid pou moun k ap chèche pwoteksyon refijye nan fwontyè Kanada-Etazini. Objektif nou se ede w konprann opsyon ou yo epi santi w prepare anvan w ale nan fwontyè a.

Nou konsantre sou moun ki ka kalifye pou yon eksepsyon nan Akò sou Tièm Peyi ki An Sekirite a paske nou se yon ti ekip. Nou prensipalman ede moun anvan yo ale nan fwontyè a epi nou pa ofri konsèy legal ijan.

Nou se yon klinik vityèl. Tout sèvis yo disponib pa imèl, telefòn, oswa videyo.

Kontakte nou

KONTAKTE NOU

Ki etap mwen pral pase lè mwen fè yon demann refijiye nan fwontyè Kanada?

KONTAKTE NOU
©2026 Klinik Dwa Fwontyè Kanada-Etazini. Tout dwa rezève.
Sit wèb la fèt ak devlope pa Louise Street Marketing Inc.