Avi legal
Sit sa a bay enfòmasyon legal jeneral. Enfòmasyon sa yo ka ede w konprann lwa ak pwosesis ki aplike nan fwontyè a, dwa ak responsabilite ou, ansanm ak ki lè ak ki kote ou ka jwenn èd.
Sit entènet sa pap bay konsèy legal sou sitiyasyon espesifik pa w. Enfòmasyon sa yo pa di w sa ki pral rive w nan fwontyè a, ni ki desizyon ou ta dwe pran.
Lwa ki aplike pou moun k ap rive nan frontyè Kanada ak Etazini an konplike, epi sitiyasyon chak moun diferan. Nou ankouraje w jwenn konsèy legal. Aprann plis sou sèvis legal klinik nou an ofri pou w ka konnen si nou kapab edew.

Defansè yo
Si kliyan ou bezwen sipò dirèkteman, tanpri mande yo pou yo kontakte nou tèt yo nan nenpòt lang. Si yo pa kapab fè sa akòz teknoloji oswa baryè aksè, ou ka kontakte nou pou yo.
Ou kapab kontakte nou tou pou enfòmasyon jeneral, konsèy, oswa kou fòmasyon sou yon kliyan.
Founisè sèvis nan Kanada ak Etazini ka mande atelye vityèl sou kalifikasyon pou refijye nan fwontyè Kanadyen an, selon kapasite nou.

Border Crossers
Si ou panse ou ka kalifye anba yon eksepsyon nan Akò sou Tiè Peyi ki An Sekirite a, kontakte nou avèk yon ti deskripsyon sitiyasyon w lan. Nou pral poze kèk kesyon pou wè si ou kalifye pou sèvis nou yo.

Pwosesis nou an:

Nou pa ka bay èd ijan. Tan datant yo varye epi ka gen reta paske nou se yon ti ekip.
Nou se yon klinik vityèl. Nou pa gen yon biwo fizik. Nou kominike pa imèl, telefòn, ak apèl videyo.
Paske nou se yon ti ekip ki gen yon manda byen presi, nou pa ofri:
- Sèvis an pèsòn
- Sèvis ijan (ki gen ladan aplikasyon ki gen dat limit kout)
- Sèvis pou moun ki nan detansyon Ozetazini
- Konsèy sou kijan akizasyon oswa kondanasyon kriminèl afekte imigrasyon
- Reprezantasyon an pèsòn nan fwontyè a
- Opinyon sou fòs yon demann refijye
- Konsèy sou lòt chemen imigrasyon pou ale Kanada
- Sit entènet sa pap bay konsèy legal sou sitiyasyon espesifik pa w. Enfòmasyon sa yo pa di w sa ki pral rive w nan fwontyè a, ni ki desizyon ou ta dwe pran.