Akò sou yon twazyèm peyi ki an sekirite (STCA) a pa aplike pou sitwayen ameriken yo. Sa vle di yon sitwayen ameriken ka fè yon demann refijye nan fwontyè Kanada a.
Sepandan, fè yon demann refijye ka gen konsekans grav sou imigrasyon ak legal. Nou rekòmande fòtman pou ou aprann plis sou pwosesis refijye a epi konsidere tout opsyon imigrasyon ou yo.
Klinik nou an pa bay sèvis legal pou sitwayen ameriken yo. Nou rekòmande pou w gade webinè Considering Canada a pou w aprann plis sou opsyon ou yo .
