
Limit responsabilite nou legal
Les informations qui figurent sur notre site Web sont d’ordre général. Elles pourront vous aider à comprendre la loi et les procédures en vigueur à la frontière ainsi que vos droits et vos responsabilités. Elles vous indiqueront également où et quand vous pouvez obtenir de l’aide.
Sitwèb sa a pa bay konsèy legal sou sitiyasyon espesifik ou a. Enfòmasyon sa a pa di ou sa k pral rive ou nan fwontyè a oswa ki desizyon ou ta dwe pran.
Lalwa ki aplike pou moun ki rive nan fwontyè Kanada-Etazini an konplèks epi sitiyasyon chak moun diferan. Nou ankouraje w pou w jwenn konsèy legal. Aprann plis sou sèvis legal klinik nou an bay pou wè si nou ka ede w.
Akò sou yon twazyèm peyi ki an sekirite (STCA) a pa aplike pou sitwayen ameriken yo. Sa vle di yon sitwayen ameriken ka fè yon demann refijye nan fwontyè Kanada a.
Sepandan, fè yon demann refijye ka gen konsekans grav sou imigrasyon ak legal. Nou rekòmande fòtman pou ou aprann plis sou pwosesis refijye a epi konsidere tout opsyon imigrasyon ou yo.
Klinik nou an pa bay sèvis legal pou sitwayen ameriken yo. Nou rekòmande pou w gade webinè Considering Canada a pou w aprann plis sou opsyon ou yo .
