
Avi legal
Sit sa a bay enfòmasyon legal jeneral. Enfòmasyon sa yo ka ede w konprann lwa ak pwosesis ki aplike nan fwontyè a, dwa ak responsabilite ou, ansanm ak ki lè ak ki kote ou ka jwenn èd.
Sit entènet sa pap bay konsèy legal sou sitiyasyon espesifik pa w. Enfòmasyon sa yo pa di w sa ki pral rive w nan fwontyè a, ni ki desizyon ou ta dwe pran.
Lwa ki aplike pou moun k ap rive nan frontyè Kanada ak Etazini an konplike, epi sitiyasyon chak moun diferan. Nou ankouraje w jwenn konsèy legal. Aprann plis sou sèvis legal klinik nou an ofri pou w ka konnen si nou kapab edew.
Kesyon Komen
Lè ou fè yon demann azil kanada, gouvènman an ap verifye an premye si se Komisyon Imigrasyon ak Refijye Kanada (IRB/CISR) ki ka pran dosye w la.
Pafwa Gouvènman an ka deside demann azil ou a pa kalifye pou yo voyel bay IRB/CISR. Sa vle di :
- Ou pap gen odyans devan IRB/CISR pou demann azil ou a.
- IRB/CISR pap pran yon desizon sou demann azil ou.
- Yo ka kòmanse pwosedi pou retire w nan kananda
- Men, ou ka toujou gen yon lòt posibilite pou w mande pwoteksyon anvan yo retire w nan kanada. Pwosedi sa a rele Evalyasyon Risk Anvan Retou (PRRA/ERAR)
Demann azil ou a pa kalifye pou plizyè rezon, tankou:
Demann azil ou a pa kalifye si demann azil ou te fè anvan nan Kanada a te :
- deklare li pa elijib;
- IRB/CISR te refize li
- Ou te abandone li;
- Ou te retire li apre yo te voye li bay IRB/CISR.
Sa pa aplike si ou te retire demann azil la nan fwontyè a avan yo te voye li bay IRB/CISR.
Kanada, Etazini, Wayòm Ini, Ostrali ak Nouvel Zeland yo rele yo ansanm peyi « Five Eyes. » Peyi sa yo pataje enfòmasyon biyometrik tankou anprent dwèt. Damann azil ou fè nan Kanada a pap elijib si (CBSA/ASFC) resevwa enfòmasyon ki montre w te deja fè yon demann azil nan youn nan lòt peyi Five Eyes yo.
Li pa enpòtan si demann azil ou a e aksepte, refize, retire oswa abandone oswa si demann lan toujou ap tann yon desizyon. Nan pifò ka, lefèt ke ou te fè demann azil la déjà ase pou fè demann azil ou nan Kanada pa elijib.
Kanda konsidere yon entèvyon sou krent kredib (Credible Fear Interview) Etazini kòm menm bagay ak fè yon demann azil. Sa vle di, menm si ou pa t janm ranpli fòm I- 589, demann azil ou fè nan Kanada a pa elijib si ou te fè yon entèvyon sou krent Kredib (Credible Fear Interview).
Demann azil ou a pa elijib si ou deja gen estati deja gen estati refijye nan yon lòt peyi epi Kanada kapab retoune w nan peyi sa a. kanada konsidere Withholding of Removal Ozetazini kòm menm bagay ak estati refijye.
Si demann azil ou a pa elijib pou rezon sa a, ou pa kapab aplike pou yon Evalyasyon Risk Anvan Retou (PRRA/ERAR). Olye de sa, ou ka gen posibilite pou w aplike pou yon lòt kalite evalyasyon risk rele Subsection 115 (1) risk assessment. Evalyasyon sa a egzamine si ou ta fè fas as yon risk si yo ta retounen w nan peyi ki te ba w estati refijye a.
Nou rekomande pou w jwenn konsèy legal pi vit posib si sitiyasyon sa a konsène w.
Demann azil ou a pa kalifye si Kanada te deside ou pa admisib akoz pwoblem sekirite, krim grav, krim òganize oswa vyolans dwa moun.
Si demann azil ou pa kalifye pou rezon sa a, ou pral sèlman gen aksè ak yon Evalyasyon Risk Anvan Retou (PRRA/ERAR) ki gen restriksyon.
Si PPRA/ERAR ou a reyisi, yo pap retounen w nan peyi kote ou soti a, paske gen risk sepandan, ou pap vin yon moun ki pwoteje (Protected Person/ personne protégée)
Nou rekomande pou w jwenn konsèy legal pi vit posib si sitiyasyon sa a konsène w.
Demann azil ou a pa elijib si ou te fè demann lan plis ke yon ane apre premye fwa ou te antre Kanada. Pou règ sa, se premye fwa ou antre Kanada ki konte, menm si ou kete peyi a apre sa epi ou retounen.
Règ sa a aplike sèlman si premye fwa out e antre Kanada se te 24 jen 2020 oswa aprè dat sa a. Si ou rete kanada san antèripsyon depi anvan dat sa a, règ sa pa aplike pou ou.
Règ sa aplike sèman tou pou demann azil ki fèt 3 jen 2025 oswa apre dat sa a. Si ou te fè demann azil ou anvan dat sa a, règ sa a pa aplike pou ou.
Demann azil ou a pa kalifye si ou te antre kanada yon kote ki pat yon pòs fwontyè ofisyèl, epi ou te fè demann azil ou a plis pase 14 jou apre ou antre kanada, pandan ou te déjà andedan peyi a.
Règ sa a aplike sèlman pou demann azil ki fèt 3 jen 2025 oswa apre dat sa a. Si ou te fè demann azil ou anvan règ sa a pa aplike pou ou.
Règ sa a aplike sèlman pou moun ki fè demann azil yo andedan Kanada. Lii pa aolike pou moun ki fe demann azil yo nan yon pòs fwontyè ofisyèl epi ki kalifye pou yon eksepyon anba akò sou twazyèm peyi a STCA/ETPS.
Enpòtan: Si ou te nan kanada pandan 14 jou oswa mwens lè ou fè demann azil ou, ou dwe kalifye pou yon eksepsyon, si non yo pral retounen w Ozetazini.
Malerezman, non.
Depi ou te fe demann azil Ozetazini, demann refijye ou fè nan Kanada a ap konsidere kòm inelijib. Sa ap rete konsa menm si demann azil ou te fè Ozetazini an retire, abandone, refize aksepte oswa si li toujou annatant.
Non. Yon demann refijye ki pa elijib ak yon retou Ozetazini se de bagay diferan.
Si w kalifye pou yon eksepsyon anba Akò - STCA/ETPS yo pral pèmèt ou antre Kanada. Men si yo jwenn demann azil ou a pa kalifye pou voye bay Komisyon Imigrasyon ak Refijye Kanada (IRB/CISR), ou pap gen yon odyans sou demann azil ou devan IRB/CISR. Olye de sa, Ajans Sèvis Fwontyè Kanada (CSBA/ASFC) ap trete ka w la dapre règ ki aplike pou moun ki gen demann azil ki pa kalifye.
Lè yo di yon demann pa elijib, sa pa vle di demann refijye ou a pa ka voye bay Komisyon ak Refijye Kanada (IRB/CISR) pou yo fè yon odyans sou demann refijye a. Olye de sa, dosye w la kontinye atravè yon lot pwosesis.
Ou pral ressvwa yon lòd pou w kite Kanada (removal order). Sepandan, anvan yo retire w nan Kanada, ou ka gen posibilite pou w aplike yon (PRRA/ERAR)
Si Ajans Sèvis Fwontyè Kanada (CBSA/ASFC) deside ke demann refijye ou a pa elijib epi yo pa ka voye li bay Komisyon Imigrasyon ak Refijye Kanada (IRB/CISR), ofisye a ta dwe ba ou :
- Yon lèt ki di demann ou an pa elijib pou yo refere li bay Divizyon pwoteksyon Refijye (RPD/SPR) IRB/CISR a.
- Yon Dokiman yo rele “Aknowledgement of Conditions” (Konfimayon kondisyon yo). Dezyèm paj dokiman sa a ka gen enfòmasyon sou yon randevou nan biwo CBSA/ASFC ki nan zòn kote ou gen entansyon rete a.
- Yon dokiman yo rele “ Minister’s Delegate Notes” (Nòt reprezantan Minis la). Nòt sa yo ka endike yo voye dosye w la bay yon biwo CBSA/ASFC ki andedan Kanada pou yo deside si ou elijib pou yon PRRA/ERAR.
Ou pral resvwa yon Dokiman Idantite Pwoteksyon Refijye (Refugee Protection Identity Document- RPID/DIDA).
Ni moun ki gen demann refijye ki elijib, ni moun ki gen demann kip a elijib, resevwa yon RPID/DIDA. Men, RPID/DIDA a pa di si demann refijye ou a elijib oswa si li pa elijib.


Si ou soti nan yon peyiki anba yon Reta Administratif sou Depòtation (Administrative Deferral of Removal – ADR/SAR) oswa yon Sispansyon Tanporè sou Depòsyon (Temporary Suspension of Removal- TSR/STR), an jeneral Kanada pa kapab retire w .
Gen kèk eksepsyon . Kanada ka toujou kapab retire w si ou vle Kanada poukont ou oswa ou pa admisib nan Kanada pou kèk rezon,pa egzanp, si ou gen kondanasyon kriminèl.
Yon (PRRA/ERAR), oswa Evalyasyon Risk Anvann, fè pati de pwosesis pou retire moun nan Kanada. An jeneral, li disponib sèlman pou moun Ajans Sèvis fwontyè Kanada (CBSA/ASFC) kapab retire nan peyi Kanada.
Sa vle di, si ou soti nan yon peyi ki sou lis ADR/SAR oswa TSR/STR, ou pwoteje kont ekspilsyon. Men, ou pap kapab aplike pou yon PRRA/ERAR jiskaske Kanada kapab retire w nan peyi a.
Ou ka kapab aplike pou rezidans pèmanan atravè rezon imanitè ak konpasyon (H&C) oswa atravè lòt pwogram imigrasyon. Klinik nou an pa bay konsèy sou aplikasyon sa yo oswa ede avèk yo. Nou rekòmande pou ou jwenn konsèy legal sou opsyon ou yo.
Yon PRRA/ERAR se yon aplikasyon alekri kote w ka eksplike poukisa li ta danjere pou w retounen nan peyi w.
PRRA/ERAR a diferan de yon odyans pou refijye paske :
- Se yon ofisye nan imigrasyon, refijye ak sitwayènte Kanada (IRCC) ki pran desizyon sou yon PRRA/ERAR, tandiske se yon manm Komisyon Imigrasyon ak Refijye Kanada (IRB/CISR) ki pran desizyon sou yon odyans pou refijye.
- Pifò aplikasyon PPRA/ERAR yo baze sitou sou dokiman ak prèv alekri. Pifò moun ki aplike pou PRRA/ERAR pa gen yon odyans.
- Dat limit yo trè kout pou soumet aplikasyon pou PRRA/ERAR ak prèv yo.
- Pa gen pwosesis apèl pou yon PRRA/ERAR.
OU pa kapab kòmanse yon aplikasyon Pre-Removal Risk Assessement (PRRA/ERAR) pou kont ou. Se yon ajan Ajans Sèvis fwontyè Kanada (CBSA/ASFC) ki rsponsab depòtasyon yo ki dwe ba ou pake aplikasyon PRRA/ERAR.
An jeneral, CBSA/ASFC ap kontakte w epi l ap fikse yon randevou pou ba ou aplikasyon an.
Nan randevou a w ap resevwa:
- Yon fòm aplikasyon PRRA/ERAR.
- Enstriksyon ak dat limit oud we respekte.
- Enfòmasyon sou fason pou soumet aplikasyon ou an.
Si ou gen 18 an ou swa plis, se ou menm ki dwe ranpli pwòp aplikasyon PRRA/ERAR pa w, menm si lot manm fanmi ou ap fe aplikasyon pa yo tou.
Apre ou fin resevwa pake aplikasyon pou PRRA/ERAR, dat limit pou soumèt li yo trè kout.
- Ou dwe soumèt aplikasyon PRRA/ERAR a nan 15 jou kalandriye apre ou fin resevwa pake a.
- Ou dwe soumèt nenpòt lòt dokiman oswa prèv siplemantè nan 30 jou kalandriye apre ou resvwa pake a.
Enpòtan : Ou dwe soumèt aplikasyon PRRA/ERAR a alè. Sa vle di nan 15 yo. Si ou pa fe sa, yo ka depòte w oswa retire ou nan Kanada anvan yo pran yon desizyon sou aplikasyon PRRA/ERAR ou a.
Wi. Ou gen dwa pou yon avoka reprezante w pou PRRA/ERAR ou a. Nou rekomande ou anpil pou w jwenn èd legal pou prepare aplikasyon ou an. Delè yo trè kout, epi li ka difisil pou prepare yon aplikasyon solid pou kont ou.
Si sa posib, kontakte yon avoka anvan randevou ou a kote y ap ba w aplikasyon PRRA/ERAR. Sa ap ba w plis tan pou w prepare epi soumèt aplikasyon w lan, ansanm ak dokiman prèv ki sipòte li anvan dat limit la.
Gen kèk pwovens ki bay èd legal Legal Aid/Aide juridique pou ede yon moun peye yon avoka pou ranpli yon aplikasyon PRRA/ERAR. Kontakte pwogram èd legal ki nan pwovens ou an pou w konnen si alikasyon PRRA/ERAR yo kouvri epi si ou kalifye pou resevwa asistans.
Ou ka gen yon odyans pou (PRRA/ERAR). Sepandan, pifò desizyon PRRA/ERAR yo pran dapre aplikasyon alekri a ak dokiman prèv ou bay pou sipòte aplikasyon an.
Ou gen plis chans pou w gen yon odyans si :
- Yo we demann ou pa elijib paske ou te fe yon demann nan youn nan senk (5) peyi sa yo (Etazini, Wayom Ini, Ostrali, Kanada oswa Nouvèl Zeland)
- Moun K ap pran desizyon an gen kesyon sou kredibilite ou oswa sou prèv ou bay yo
Odyans yo ka fèt sou entènet oswa an pèson.
Tan tretman pou PPRA/ERAR la ka varye anpil. Gen kèk moun ki resevwa desizyon yo nan kèk mwa. Gen lòt moun ki ka oblije tann pi lontan.
Si PRRA/ERAR ou a reyisi :
- Ou pral vin yon moun ki pwotje (Protected Person)
- Ou ka aplike pou rezidans pèmanan.
- Ou ta dwe resevwa yon konfimasyon alekri ki montre estati ou kom moun ki pwoteje.
- Ou ka vin yon manm fanmi referans nan Kanada dapre Akò-STCA/ERAR si ou gen manm fanmi ki Etazini.
Rezilta a ap diferan si ou gen yon PRRA/ERAR ki gen restriksyon paske yo konsidere ou kòm inadmisib pou antre oswa rete Kanada.
Ou ta dwe chèche konsèy legal si sa se sitiyasyon w.
Si yo refize PRRA/ERAR ou a
- Ajans Sevis Fwontyè Kanada (CBSA/ASFC) ka komanse prepare pou fe yo retire w nan Kanada.
- Ou ka gen opsyon legal ki limite.
- Dele pou konteste desizyon an kout. Yon demann pou Revisyon Jidisyè (Judicial Review) devan Tribinal Federal Kanada dwe depose nan 15 jou. Men demann sa a pap otomatikman anpeche yo retire w nan Kanada pandan pwosesis la ap kontinye.
Ou ta dwe chèche konsèy legal pi vit posib.
Wi. Sepandan, ou pap resevwa yon pèmi travay otomatik, epi ou pral oblije peye frè pou trete aplikasyon an
Ou ka aplike pou yon pèmi travay ouvè apre ou fin resevwa Dokiman Idantite pou pwoteksyon Refijye (RPID/DIDA) ou.
Wi, ou kapab jwenn pwoteksyon pou swen sante atrave Pwogram Federal Pwovizwa pou sante (Interirim Federal Health Program -IFHP/Programme fédéral de santé intérimaire - PFSI)
Dokiman Idantite pou Pwoteksyon Refijye (Refugee Protection Identity Document – RPID/DIDA) ou oswa Akize Resepsyon Demann lan (Acknowledgement of Claim – AOC/Accusé de réception de la demande d’asile) se prev ou genyen pou montre ou genyen pwoteksyon sante. Ou dwe pote youn nan dokiman sa yo le w ale kay yon founise sevis medical.
ak fason pou jwenn akse ak swen sante.
Sa depann de kote ou rete, paske reg yo diferan nan chak pwovens.
a pou konnen si ou kapab jwenn asistans sosyal. Oganizasyon an kapab ede w tou di w ap rankontre obstak oswa pwoblem pou jwenn asistans sa a.
