
Avi legal
Sit sa a bay enfòmasyon legal jeneral. Enfòmasyon sa yo ka ede w konprann lwa ak pwosesis ki aplike nan fwontyè a, dwa ak responsabilite ou, ansanm ak ki lè ak ki kote ou ka jwenn èd.
Sit entènet sa pap bay konsèy legal sou sitiyasyon espesifik pa w. Enfòmasyon sa yo pa di w sa ki pral rive w nan fwontyè a, ni ki desizyon ou ta dwe pran.
Lwa ki aplike pou moun k ap rive nan frontyè Kanada ak Etazini an konplike, epi sitiyasyon chak moun diferan. Nou ankouraje w jwenn konsèy legal. Aprann plis sou sèvis legal klinik nou an ofri pou w ka konnen si nou kapab edew.
Kesyon Komen
Yo ka mete ou an detansyon anba otorite imigrasyon ameriken si yo voye w tounen Etazini depi nan fwontyè Kanada. Sa depann de sitiyasyon pèsonèl ou, fason otorite ameriken yo ap eksplike règleman yo nan moman an, ansanm ak estati imigrasyon w Etazini.
Paske gen yon risk pou yo mete w nan detansyon, li enpòtan pou ou jwenn bon jan enfòmasyon epi pran konsèy legal anvan ou ale nan fwontyè Kanada.
Si yo mete w nan detansyon Etazini, eseye jwenn èd pi vit posib. Gade lis sa a pou jwenn sèvis legal ki pa koute chè, selon eta a ak sant detansyon an.
Si yo mete w nan detansyon Etazini, ou ka kontakte Komisyonè Nasyonzini pou Refijye (UNHCR/HCR) atravè liy asistans pou moun ki nan detansyon an. Depi andedan yon sant detansyon, ou ka konpoze 566#.
Liy asistans lan disponib lendi, mèkredi ak vandredi, soti 2:00p.m. pou rive 5 :00 p.m., lè lès Etazini.
Ou ka sèvi ak sistèm ICE la pou chèche moun ki nan detansyon, pou w wè si ou ka jwenn kote yo kenbe manm fanmi w lan. Lè yo fèk mete yon moun nan detansyon oswa yo transfere li nan yon lòt sant detansyon, sa ka pran kèk jou anvan enfòmasyon an parèt oswa mete ajou nan sistèm nan.
Klinik nou an pa bay sèvis legal pou moun ki nan detansyon ki nan detansyon imigrasyon.
Si man fanmi ou an nan detansyon Etazini, li ka kontakte Komisyonè Nasyozini pou Refijye (UNHCR/HCR) atravè liy aisistans pou moun ki nan detansyon. Li ka konpoze 566# depi andedan yon sant detnasyon. Liy asistans lan disponib lendi, mèkredi ak vandredi soti 2:00 p.m. rive 5 :00 p.m. lè lès Etazini.
Ajans Sèvis Fwontyè Kanada (CBSA/ASFC) ap ba ou yon dokiman ki eksplike ou gen 15 jou pou mande Tribinal Federal Kanada revise desizyon an.
Pwosesis sa a rele demann pou otorizasyon ak kontwol jidisyè (Application for leave and judicial review). Sa diferan ak yon apèl.
Klinik nou an pa bay asistans pou demann devan Tribinal Federal ki dwe fèt nan yon delè 15 jou. Sepandan, nou ka refere ou bay yon avoka prive ki ka ede w.
Ou ka mande Ajans Sèvis Fwontyè Kanada (CBSA/ASFC) tou pou li relouvri dosye w epi pran yon nouvo desizyon. Yo rele sa demann pou rekonsiderasyon ( reconsideration request).
Tou de pwosesis sa yo konplike epi li ka difisil pou jwenn yon desizyon an favè w. Si ou kwè CBSA/ASFC te pran yon move desizyon, nou rekòmandew pou w jwenn konsèy legal pou w konnen si ou ta dwe fè yon demann devan Tribinal Federal kanada oswa mande yon rekonsiderasyon.
Si ou pa kalifye pou yon eksepsyon anba Akò – STCA/EPTS yo pral ba ou yon dokiman ki rele Lòd Eksklisyon (Exclusion Order/Mesure d’exclusion). Se yon kalite lòd pou retire w nan Kanada ki pèmèt Kanada voye w tounen Etazini touswit.
Lòd Eksklisyon an di ou pa gen dwa antre Kanada pandan yon ane, sof si gouvènman kanada ba ou yon pèmisyon alekri pou retounen anvan ane a fini. Si ou kapab pwouve pandan ane sa a ke ou kalifye pou yon ekspsyon anba STCA/ETPS, ou ka gen posibilite pou retounen Kanada san ou pa bezwen pèmisyon sa a. Nou rekòmande pou w jwenn konsèy legal sou sitiyasyon pa w.
Lòd Eksklisyon pou yon ane a pa vle di ou pa otomatikma gen dwa retounen Kanada apre yon ane. Si ou retounen nan fwontyè a epi ou pa kalifye yon eksepsyon anba STCA/ETPS, yo pral voye w tounen Etazini ankò.
