
Avi legal
Sit sa a bay enfòmasyon legal jeneral. Enfòmasyon sa yo ka ede w konprann lwa ak pwosesis ki aplike nan fwontyè a, dwa ak responsabilite ou, ansanm ak ki lè ak ki kote ou ka jwenn èd.
Sit entènet sa pap bay konsèy legal sou sitiyasyon espesifik pa w. Enfòmasyon sa yo pa di w sa ki pral rive w nan fwontyè a, ni ki desizyon ou ta dwe pran.
Lwa ki aplike pou moun k ap rive nan frontyè Kanada ak Etazini an konplike, epi sitiyasyon chak moun diferan. Nou ankouraje w jwenn konsèy legal. Aprann plis sou sèvis legal klinik nou an ofri pou w ka konnen si nou kapab edew.
Kesyon Komen
Dyagram sa montre diferan etap ou pral pase lè fè yon demann refijiye nan fwontyè a. Nou esplike chak etap yo pi an detay nan kesyon ki anba yo. Li enpòtan pou ou li tout enfòmasyon yo byen.


Ou ka fè yon demann refijye nan nenpòt pòs fwontyè ofisyèl Kanada. Yo rele yon pòs fwontyè ofisyèl yon Pwen Antre. (POE/PDE). Ou pa bezwen pran rendevou.
Avan ou deplase, chèche enfòmasyon sou pòs fwontyè kote ou prevwa fè demann ou an. Tout pòs fwontyè yo pa fonksyone menm jan. Genyen kote ou ka travèse apye, tandiske gen lòt kote ou dwe nan yon machin. Si ou pa gen machin, li posib yon konpayi taksi pa dakò mennen w travèse fwontyè a. Gen kèk pòs fwontyè kote ou ka pran randevou davans oswa ki gen sèvis espesyal pou trete demann refijye.
Pon Lapè a, ki konekte Buffalo, Nouyòk, ak Fort Erie, Ontario, gen yon inite espesyal pou trete demann refijye ak ofisye ki espesyalize nan trete demann refijye. Pon Lapè a ofri tou opsyon pou pran yon randevou davans.
Ou pa oblije gen yon randevou. Men, si ou pran youn, sa pèmet Ajans Sèvis Fwontye Kanada (CBSA/ASFC) fè aranjman pou gen yon entèprèt si ou bezwen youn epi asire gen yon ajan ki disponib pou fè entèvyou avèk ou. Sa ka ede pwosesis la fèt pi vit.
Pou pran yon randevou nan Peace Bridge :
- rele 905-994-6001;
- kite yon mesaj ak :
- non ou;
- nimewo telefòn ou;
- adrès imèl ou;
- kantite moun ki ladanl demann lan;
- lang ou bezwen pou entèpretasyon
CBSA/ASFC ap kontakte w nan telefòn oswa nan imèl pou ba ou lè randevou a ak enstriksyon yo. Yo ka voye kèk fòm ba ou pou ou ranpli yo davans. Si ou vle ranpli yo, nou rekòmande pou ou fè sa avèk èd yon avoka kanadyen.
Gade videyo Otorite Pon Lapè a pou aprann kijan pou travèse pon an san danje.
Sa ajan Ajans Sèvis Fwontyè Kanada (CBSA/ASFC) ki pral fè entèvyou avèk ou. Pandan pwosesis la, ou ka pale ak plizyè ajan diferan.
CBSA a se ajans gouvènman Kanadyen an ki responsab pou jere fwontyè a.
Lè ou rive nan fwontyè a, di CBSA/ASFC ou vle fè yon demann refijye.
CBSA/ASFC pral fè entèvyou avèk ou, egzamine dokiman ou yo epi fè lòt verifikasyon pou deside :
- si demann refijye ou a kalifye pou yo voye li devan Komisyon Imigrasyon ak Estati Refijye Kanada. (IRB/CISR)
- si demann refijye ou a kalifye pou yo voye li devan Komisyon Imigrasyon ak Estati Refijye Kanada. (IRB/CISR)
Si ou ap fè demann lan ansanm ak yon lòt manm fanmi, tankou mari oswa madanm ou, CBSA/ASFC ka fè entèvyou avèk nou separeman.
CBSA/ASFC ka poze w kèk kesyon debaz sou rezon ki fè ou pè retounen nan peyi kote ou soti a. Yo ka ekri repons ou yo nan dosye ou, epi lòt otorite imigrasyon ka gen aksè ak enfòmasyon sa yo pita.
CBSA/ASFC ap gen anpil chans pran foto w ak anprent dwèt ou pandan pwosesis la.
Se ou menm ki dwe pwouve bay CBSA/ASFC ou kalifye pou youn nan eksepsyon Akò - STCA/ETPS
Si ou pa gen dokiman sowa enfòmasyon ki nesesè pou pwouve sa, CBSA/ASFC pap fè rechèch nan plas ou pou ede w jwenn prèv yo. Yo ka pa ba plis tan pou jwenn dokiman pandan ou nan fwontyè a.
Pou deside si ou kalifye pou yon eksepsyon, CBSA/ASFC ka konsidere :
- Pou deside si ou kalifye pou yon eksepsyon, CBSA/ASFC ka konsidere :
- dokiman ou prezante yo
- repons ou bay pandan entèvyou a
- entèvyou yo fè ak fanmi w ki nan Kanada a, si sa aplike
- enfòmasyon yo jwenn sou ou sou entènèt
- nenpòt lòt rechèch oswa verifikasyon yo fè
Apre yo fin egzamine tout enfòmasyon sa yo, CBSA/ASFC ap deside :
- si yo kwè sa ou di yo se laverite
- si yo kwè dokiman sa yo otantik
- si dokiman ak enfòmasyon ou bay yo sifi pou pwouve ou kalifye pou yon eksepsyon nan STCA/ETPS
Pa egzanp, ann sipoze ou di ou kalifye pou eksepsyon ki baze sou yon manm fanmi paske frè w ap viv Kanada. CBSA/ASFC ka deside ou pa bay ase prèv pou montre nou se frè ak sè, menm si nou se frè ak sè toutbon. Sa ka rive, pa egzanp, si:
- ou pa pote batistè frè w nan fwontyè a
- non paran nou yo pa ekri menm jan sou batistè pa w ak batistè frè w
- ou pa gen batistè orijinal ou
- yo fèk ba ou batistè ou, menm si sa gen anpil ane depi ou fèt
- frè w pa t mete non ou kòm frè oswa sè li nan yon anseyen aplikasyon imigrasyon kanadyen
- ou menm ak frè w bay enfòmasyon ki diferan sou lòt manm fanmi an pandan entèvyou nou yo.
Lè yon fanmi vle fè demann refijiye nan Kanada, chak moun nan fanmi an, menm chak timou, dwe fè pwòp demann refijye pa yo.
Sa diferan ak kèk lòt kalite aplikasyon imigrasyon kote yon sèl moun ka fè aplikasyon pou tout fanmi an.
CBSA/ASFC egzamine sitiyasyon chak manm fanmi separeman pou diside si chak moun kalifye, pandan yon lòt moun pa kalifye. Kidonk, moun nan menm fanmi an ka resevwa desizyon diferan nan fwontyè Kanada.
Egzanp: Kisa ki ka rive fanmi ou nan fwontyè a?






Ann sipoze ou vle fè yon demann refijye ansanm ak mari oswa mandanm ou ak pitit ou yo epi nou vle sèvi ak eksepsyon ki baze sou yon manm fanmi Kanada.
Chak moun dwe kalifye paske ou gen yon fanmi nan Kanada, sa pa vle di mari oswa madanm ou ak pitit ou yo ap kalifye otomatikman.
Pa egzanp, si matant ou nan Kanada; matant ou ka sèvi kòm fanmi referans pou ou, paske yon matant se youn nan relasyon familyal ki kalifye; Sepandan :
- matant ou pa ka sèvi kòm fanmi referans pou mari oswa madanm ou, paske yo pa gen relasyon familyal ki kalifye;
- matant ou pa ka sèvi kòm fanmi referans pou pitit ou yo, paske pou pitit ou yo li se gran matant yo, e relasyon sa a pa kalifye.
Sepandan, si ou kalifye pou eksepsyon ki baze sou yon manm fanmi epi demann refijye ou kalifye pou yo voye li devan IRB/CISR a, ou menm ou ka vin sèvi kòm fanmi referans pou mari oswa madanm ou ak pitit ou yo. Sa ka pèmèt yo kalifye pou eksepsyon ki baze sou yon manm fanmi tou.
Enpòtan: Si ou kalifye pou yon eksepsyon nan STCA/ETPS, men demann refijye ou pa kalifye pou yo voye li devan IRB/CISR a, ou pa ka sèvi kòm fanmi referans pou lòt manm fanmi ou.
Anvan ou ale nan fwontyè a, li enpòtan pou ou konnen ki moun nan fanmi ou ki kalifye pou yon eksepsyon nan STCA/ETPS epi sou ki baz chak moun kalifye. Si gen manm fanmi ki pa kalifye, yo ka voye yo tounen Ozetazini pandan lòt manm fanmi yo antre Kanada. Sa ka lakòz fanmi an separe. Gen kèk moun yo voye tounen Ozetazini ki ka tou vin nan detansyon otorite imigrasyon ameriken yo.
Nou rekòmande pou manm fanmi w ki nan Kanada vini nan fwontyè a. Ajans Sèvis Fwontyè a Kanada (CBSA/ASFC) ka vle pa avèk li pou verifye detay sou relasyon nou ak lòt manm fanmi yo. CBSA/ASFC ka poze nou tou de kesyon nan kad pwosesis
Sa a manm fanmi w ki nan Kanada ka genyen tou kèk dokiman original CBSA/ASFC ap bezwen egzamine.
Si manm fanmi w lan pa kapab vini nan fwontyè a asire w li disponib nan telefòn si CBSA/ASFC ta bezwen pale avèk li. Sou ekran telefòn li non oswa nimewo k ap rele a ka parèt kòm “ GOC” “Anonymous”, oswa “ No Caller ID”.
Ou kalifye pou yon eksepsyon nan Akò – STCA/ETPS, epi yo jwenn demann azil ou a kalifye pou voye bay Komisyon Imigrasyon ak Refijye Kanada (IRB/CISR.
2. You qualify for an STCA exception, however, your claim is not eligible to be sent to the IRB. See also: I was allowed into Canada under the STCA but my claim is “ineligible.” What does this mean?
Ou pa kalifye pou yo ekspsyon nan STCA/ETPS. Yo pral baw yon lòd eksklizyon ( Exclusion order/Mesure d’exclusion) epi yo pral retounen w Etazini. Fè atansyon, si yo retounen w Etazini gen posibilite pou otorite imigrasyon detni w epi pou fanmiw separe.
Si yo jwenn demann azil ou a kalifye pou voye bay Komisyeon Imigrasyon ak Refijye Kanada (IRB/CISR), Ajans Sèvis Fwonyè Kanada (CBSA/ASFC) ap:
Poze w kesyon sou enfòmasyon pèsonèl ak istwa w. prepare w pou bay enfòmasyon detaye sou:
- Adrès kote w te rete
- Istwa travay ou
- Istwa etid ou
- Istwa vwayaj ou
- Manm fanmi w yo, tankou mari oswa madanm ou, pitit ou, paranw ak frè ak sè w yo, menm si yo pa avèk ou nan fwomtyè a.
Pran foto w pou Dokiman Idantite pwoteksyon Refijye (RPID/DIDA). Sa se dokiman idantite ofisyèl gouvènman an bay moun ki fè demann azil. Yo konn rele l tou,nan langaj enfòmèl, « Papye mawon » ( brown paper) gade paj enfòmasyon IRCC bay sou RPID/DIDA pou plis datay
Pote dokiman orijinal ki pwouve idantite w, tankou paspò w, batiste w ak lòt dokiman idantite. CBSA/ASFC ta dwe ba w kopi sètifye ki konfime kopi sa yo se kopi egzak dokiman orijinal yo.
Ba w yon kit pou moun ki fè demann azil. Kit sa a gen ladanl:
- enstriksyon pou ranpli demann azil ou sou entènèt fe anpil atansyon ak dat limit yo
- entriksyon pou fè egzamen medikal ou – fe anpil atansyon ak dat limit yo
- yo fòm pou mete ajou adrès ou
- yon gid pou moun ka fè demann azil
Si w kalifye pou yon eksepsyon anba Akò - STCA/ETPS yo pral pèmèt ou antre Kanada. Men si yo jwenn demann azil ou a pa kalifye pou voye bay Komisyon Imigrasyon ak Refijye Kanada (IRB/CISR), ou pap gen yon odyans sou demann azil ou devan IRB/CISR. Olye de sa, Ajans Sèvis Fwontyè Kanada (CSBA/ASFC) ap trete ka w la dapre règ ki aplike pou moun ki gen demann azil ki pa kalifye.
1. Pran foto w pou Dokiman Idantite Pwoteksyon Refijye w la (RPID) . Sa a se dokiman idantite ofisyèl gouvènman an ba ou kòm yon moun k ap fè reklamasyon refijye. Pafwa yo rele l enfòmèlman "papye mawon". Gade paj enfòmasyon IRCC a sou RPID la .
Pote dokiman original ki pwouve idantite w, tankou paspò w, batiste w ak lòt dokiman idantite. Ou ta dwe fè kopi dokiman sa yo, ansanm ak yon avi sou sezi dokiman yo.
3. Yo pral ba w yon lòd eksklisyon (exclusion order/mesure d’exclusion). Sa se yon lòd pou w kite Kanada, men sa pa vle di y ap retire w nan Kanada kounye a, paske lòd sa a poko antre an vigè. Sa se yon etap nòmal nan pwosesis la pou moun ki kalifye pou yon eksepsyon anba STCA/ETPS, men ki gen azil yo ki pa kalifye pou yo ale devan IRB/CISR. Kanada pa kabab retire w nan peyi a san yo pa evalye risk ou ta ka fè fas nan peyi w atravè yon Evalyasyon Risk Anvan retou (PRRA/ERAR).
4. Ba ou enfòmasyon sou yon randevou CBSA nan lavni . CBSA ap pwograme yon randevou nan lavni pou diskite sou pwochen etap yo nan ka w la. Ou ka resevwa dat randevou a pandan w toujou nan fwontyè a, oubyen CBSA ka kontakte w pita avèk dat la. CBSA bay fèy enfòmasyon sa a bay moun ki gen reklamasyon ki pa kalifye.
Nou rekòmande pou w li enfòmasyon nou bay sou demann azil ki pa elijib.
Enpòtan : Si demann azil ou a pa kalifye, ou pa kapab sèvi kòm manm fanmi referans nan Kanada pou lòt manm fanmi w yo. Si fanmi w ap planifye fè demann azil ansanm, li enpòtan pou w konprann sa anvan nou ale nan fwontye a.
Tan ou pral pase nan fwontyè a ka varye ant kèk èdtan ak kèk jou. Sa depann de plizyè bagay, tankou:
- pòs fwontyè kote ou fè demann azil la
- kantite ajan (CBSA/ASFC) ki disponib
- kantite lòt moun k ap fè demann azil
- si gen yon entèprèt ki disponib
- kantite moun ki nan fanmi ou
- nivo konpleksite ka w la
Prepare w pou posibilite pou w tann pandan yon bon bout tan. Selon sitiyasyon ki mansyone pi wo yo, li ka nesesè pou w pase yon nwit nan fwontyè a.
Kondisyon yo ka diferan selon pòs fwontyè kote ou ale a. Nou rekomande w pou w pote manje ak dlo w. Si w bezwen manje ak dlo, mande Ajan (CBSA/ASFC) pou ede w.
Wi. Si ou pa pale anglè oswa fransè ase byen pou w konprann tout sa y ap di w, ou gen dwa mande yon entèprèt nan fwontyè a. (CBSA/ASFC) ap mande w ki lang ou prefere itilize. Nou rekòmande w pou w mande yon entèprèt ki pale lang ou pi alèz la.
Pafwa, CBSA/ASFC ka jwenn yon entèprèt ki prezan an pèson, men kipi souvan, entèprèt la ap patisipe nan telefòn.
Si ou menm ak entèprèt la pa byen konprann youn lòt, si li pa tradwi tout sa yo di a, oswa si ou santi li pa fè travay la byen, ou ta dwe fè CBSA/ASFC konnen sa epi mande yon lòt entèprèt. Li trè enpòtan pou ou menm ak CBSA/ASFC byen konprann youn lòt pandan tout pwosesis la.
Ajan (CBSA/ASFC) ka fouye bagay ou genyen avèk ou, tankou aparèy elektwonik ou yo. Yo ka kenbe aparèy elektwonik ou yo pandan yon pati oswa pandan tout tan ou nan fwontyè a. Si ou bezwen jwenn yon dokiman ki sou aparèy ou a oswa si w bezwen kontakte yon fanmi, fè CBSA/ASFC konnen sa. Nou rekòmande w pou w pote yon kopi papye, de preferans dokiman original la, pou nenpòt dokiman ou pral bezwen nan fwontyè a.
Si ou bezwen jwenn yon dokiman ki sou aparèy ou a oswa si w bezwen kontakte yon fanmi, fè CBSA/ASFC konnen sa. Nou rekòmande w pou w pote yon kopi papye, de preferans dokiman original la, pou nenpòt dokiman ou pral bezwen nan fwontyè a.
Resous sa eksplike dwa ou genyen konsènan vi prive dijital ou nan fwontyè a:
- Gid sou Vi Prive pou Aparèy Elektwonik – soti nan BC Civil Liberties Association (disponib nan plizyè lang)
- Videyo sou dwa ou genyen pou pwoteje enfòmasyon prive w nan fwontyè a – ki soti nan Asosyasyon Libète Sivil BC a (Angle)
- Videyo sou meyè pratik pou pwoteje vi prive w nan fwontyè a – soti nan BC Civil Liberties Association (an anglè)
Si w déjà nan Kanada epi w pa t fè demann azil ou nann yon pòs fwontyè ofisyel, ou ka soumèt demann lan atravè pòtal demann azil sou entènèt la online refugee portal.
Si w te Kanada pandan 14 jou oswa mwens lè w soumèt demann lan, ou dwe kalifye pou yon eksepsyon Akò– STCA/ETPS . Si w pa kalifye pou yon esksepsyon, yo pral retounen w Etazini.
Si Kanada pandan plis pase 14 jou lè w soumèt demann lan , ou pa bezwen kalifye pou yon eksepsyon nan STCA/ETPS, men yo ka mande w pou w pwouve depi konbyen tan ou Kanada. Yo pap voye demann ou an bay Komisyon Imigrasyon ak Refijye Kanada (IRB/CISR). Aprann plis sou demann ki pa kalifye yo.
Klinik nou an pa bay sèvis oswa referans apre yon moun fin antre Kanada. Sepandan, gen anpil òganizasyon atravè Kanada ki ede moun k ap fè reklamasyon refijye yo konprann pwosesis refijye a, fè referans epi jwenn aksè a sèvis etablisman. Jwenn yon òganizasyon nan rejyon ou an .
Li enpòtan pou w jwenn konsèy legal nan men yon avoka ki gen eksperyans. Ou ka kalifye pou èd legal pou yo peye yon avoka pou ou. Kontakte ajans èd legal ki nan pwovens oswa teritwa kote w ap viv la pou w konnen si w kalifye, ki sèvis ki disponib epi kijan pou w fe demann lan.
