
Avi legal
Sit sa a bay enfòmasyon legal jeneral. Enfòmasyon sa yo ka ede w konprann lwa ak pwosesis ki aplike nan fwontyè a, dwa ak responsabilite ou, ansanm ak ki lè ak ki kote ou ka jwenn èd.
Sit entènet sa pap bay konsèy legal sou sitiyasyon espesifik pa w. Enfòmasyon sa yo pa di w sa ki pral rive w nan fwontyè a, ni ki desizyon ou ta dwe pran.
Lwa ki aplike pou moun k ap rive nan frontyè Kanada ak Etazini an konplike, epi sitiyasyon chak moun diferan. Nou ankouraje w jwenn konsèy legal. Aprann plis sou sèvis legal klinik nou an ofri pou w ka konnen si nou kapab edew.
Li enpotan pou ou prepare otank posib anvan ou ale nan fwontyè a. Ajans Sèvis Fwontyè Kanada (CBSA/ASFC) ka pa ba ou tan pou ale chèche lòt prèv solid ki montre ou kalifye pou youn na eksepsyon STCA/ETPS yo, yo ka voye w tounen Ozetazini.
Dokiman ou yo avek entèvyou ak CBSA/ASFC a ap detèmine :
- kiyès ou ye
- si ou kalifye pou yon eksepsyon STCA/ETPS epi si yo ka kite w antre Kanada;
- si demann refijye ou a kalifye pou yo voye li devan Komisyon Imigrasyon ak Estati Refijye Kanada (IRB/CISR).
Si sa pa posib, nou rekòmande pou ou pote dokiman orijinal yo pou ou montre CBSA/ASFC. Fotokopi ka pa sifi. Si gen dokiman ou genyen sèlman sou telefòn ou, nan imèl ou oswa sou entènet, nou rekòmande pou ou enprime yo avan ou ale nan fwontyè a.
Kesyon Komen
Men kèk egzanp dokiman ki ka sèvi kòm prèv idantite?
- paspò
- kat idante nasyonal
- lisans chòfè
- batistè
- kat etidyan
- kat anplwaye
Pou ou kalifye pou eksepsyon ki baze sou yon manm fanmi nan Kanada, ou bezwen pwouve de bagay:
- relasyon familyal ki genyen ant ou menm ak moun nan Kanada;
- estati imigrasyon moun sa a nan Kanada.
Rasanble epi byen verifye dokiman pa w ak dokiman fanmi w Kanada a. Sa gen ladan nenpòt ansyen aplikasyon imigrasyon kanadyen ou menm oswa fanmi w te fè. Fè atansyon ak nenpòt enfòmasyon ki pa menm oswa ki gen erè ladan yo, tankou dat nesans ki pa kòrèk, non ki pa ekri menm jan, oswa enfòmasyon ki manke.
Nou rekòmande pou ou jwenn konsèy legal sou dokiman ou yo anvan ou ale nan fwontyè a. Si gen yon pwoblèm ak prèv yo, yon avoka kanadyen ka konseye w pou jwenn lòt prèv, tankou yon tès ADN.
Men kek egzanp:
- batistè
- sètifika maryaj
- sètifika lanmò
- kat oswa dokiman ofisyèl ki anrejistre tout manm fanmi an
- kat idantite nasyonal
- prèv ki montre kiyès ki responsab legal ou
- aplikasyon imigrasyon kanadyen fanmi w lan kote non ou oswa non lòt manm fanmi yo parèt epi ki montre relasyon ki genyen ant nou
- demann azil ou te fè Ozetazini (fòm I-589) oswa yon lòt aplikasyon imigrasyon ameriken kote ou te bay enfòmasyon sou fanmi w
- yon deklarasyon legal fanmi w ki Kanada fè pou eksplike relasyon familyal ki genyen ant nou
- foto, lèt, imèl, mesaj tèks ak lòt kominikasyon avèk fanmi an
Si dokiman ou yo fèk soti, CBSA ka gen dout sou si yo otantik.
Si sa posib, pote dokiman orijinal yo avèk ou nan fwontyè a. Fanmi w ki Kanada ta dwe genyen dokiman orijinal pa li tou. Ou ta dwe pote kopi dokiman fanmi w avèk ou, menm si moun nan ap pote dokiman orijinal li yo tou.
Egzanp: Kijan pou pwouve relasyon ou ak yon fanmi
Si tonton ou, ki se frè manman w, se fanmi referans ou nan Kanada, dokiman sa yo ka ede pwouve relasyon an :
- batistè pa w, ki montre kiyès ki manman w
- batistè manmn w, ki montre kiyes ki paran li
- batistè tonton w, ki montre li menm ak manman w gen menm paran oswa omwen youn nan menm paran yo
- fòm aplikasyon imigrasyon kanadyen tonton w kote li te bay enfòmasyon sou paran li ak frè ak sè li
- yon lòt dokiman idantite manman w, si li konfime enfòmasyon ki sou batistè pa w
Maryaj ou dwe legal dapre règ Kanada ak lwa peyi kote maryaj la te fèt. Pa egzanp, Kanada pa rekonèt kèk maryaj kote toude moun yo pa t prezan fizikman lè maryaj la te fèt. Kanada pa rekonèt non plis yon maryaj kote yon moun marye ak plis pase yon moun an menm tan.
Men kèk dokiman ki ka ede pwouve maryaj ou legal:
- yon sètifika maryaj ki valab;
- yon so sètifye oswa yon lòt dokiman ki konfime sètifika maryaj la otantik;
- yon sètifika divòs, si ou menm oswa mari/madanm ou te deja marye ak yon lòt moun.
Menm si maryaj ou legal, CBSA/ASFC ka deside ou pa kalifye pou eksepsyon ki baze sou mari oswa madanm si yo kwè maryaj la te fèt sitou pou rezon imigrasyon. Pa egzanp, yo ka poze plis kesyon sou relasyon an si nou fèk marye.
Men kèk dokiman ki ka ede montre maryaj la reyèl:
- foto nou ansanm, tankou foto maryaj
- mesaj, imèl, lis apèl oswa lòt prèv ki montre nou te kominike pandan yon peryòd tan. Sa ka espesyalman itil si nou te viv separe pandan lontan oswa si nou fèk marye
- dokiman ki montre nou te viv ansanm, tankou kontra lwaye, bòdwo sèvis oswa lòt dokiman ki gen menm adrès la
- prèv ki montre nou te vizite youn lòt, tankou tikè avyon, tikè otobis oswa so nan paspò
- foto nou ansanm sou rezo sosyal, tankou piblikasyon zanmi oswa fanmi te pataje
- dokiman ki montre nou ede youn lòt finansyèman, tankou resi transfè lajan
- yon lèt oswa deklarasyon sou sèman yon fanmi oswa zanmi ki konnen relasyon an
- batistè pitit nou, si nou gen timoun ansanm
Nan Kanada, yon patnè common-law se yon moun ki satisfè twa kondisyon sa yo:
- ou pa legalman marye ak moun nan;
- moun nan gen omwen 18 an;
- nou te viv ansanm kòm yon koup, nan yon relasyon ki sanble ak yon relasyon maryaj, pandan omwen 12 mwa youn apre lòt.
Li ka difisil pou pwouve yon relasyon common-law. Prepare w pou montre CBSA/ASFC prèv solid ki montre ou menm ak patnè w te viv ansanm kòm yon koup pandan omwen 12 mwa youn apre lòt. Nou rekòmande pou ou rasanble prèv sa yo anvan ou ale nan fwontyè a epi pou ou jwenn konsèy legal.
Men kèk dokiman ki ka ede pwouve adrès kote nou te viv ansanm:
- kontra lwaye
- dokiman idantite ki montre adrès ou
- aplikasyon imigrasyon kote adrès ou parèt
- lèt ou te resevwa lakay ou konsènan aplikasyon imigrasyon ou
- bòdwo sèvis, tankou kouran, dlo oswa lòt sèvis
- relve labank
- dosye medikal
- dokiman taks
- lèt yon ajans gouvènman bay
- dokiman asirans sante oswa asirans vi kote youn nan patnè yo site kòm benefisyè lòt la
- fich peman sou yon peryòd tan
- resi acha oswa lòt dokiman ki montre adrès ou
Dokiman yo ka sou non youn nan nou oswa sou non nou toude, men yo ta dwe montre menm adrès la epi yo ta dwe gen dat sou yo.
Lòt dokiman ki ka ede pwouve relasyon common-law la gen ladan:
- yon sètifika common-law ki valab, si peyi ou bay kalite dokiman sa a
- foto, mesaj, imèl, lis apèl oswa lòt prèv ki montre relasyon an pandan yon peryòd tan
- yon lèt oswa deklarasyon sou sèman yon fanmi oswa zanmi ki konnen relasyon an
- foto nou ansanm sou rezo sosyal, tankou piblikasyon zanmi oswa fanmi te pataje
- batistè pitit nou, si nou gen timoun ansanm
- yon ansyen aplikasyon imigrasyon kote nou te deklare youn lòt kòm patnè common-law
Si nou te viv ansanm pandan omwen 12 mwa nan tan lontan, men kounye a n ap viv nan de kote diferan, bay prèv ki montre relasyon an kontinye. Pa egzanp:
- prèv vizit nou fè youn lakay lòt
- kominikasyon nou kontinye genyen
- prèv sipò finansyè
- nenpòt lòt prèv ki montre nou kontinye kenbe relasyon an
Wi. CBSA/ASFC kapab jwenn enfòmasyon ki nan ansyen aplikasyon imigrasyon kanadyen yo. Yo ka verifye aplikasyon ou menm oswa manm fanmi w te soumèt pou konfime relasyon familyal ak lòt enfòmasyon.
Men kèk egzanp kote CBSA/ASFC ka verifye lòt dosye imigrasyon ou:
- Si tonton w se fanmi referans ou nan Kanada, CBSA/ASFC ka verifye si nan yon ansyen aplikasyon imigrasyon li te deklare manman w kòm sè li.
- Si ou te deja fè yon aplikasyon pou yon viza pou vizite Kanada, CBSA/ASFC ka konpare enfòmasyon ki nan aplikasyon sa a ak enfòmasyon ou bay nan fwontyè a.
Anvan ou ale nan fwontyè a, byen verifye nenpòt ansyen aplikasyon imigrasyon ou menm oswa fanmi w ki nan Kanada a te fè. Chèche nenpòt erè oswa enfòmasyon ki pa koresponn ant ansyen aplikasyon yo ak dokiman ou genyen kounye a.
Nou rekòmande pou ou jwenn konsèy legal si gen pwoblèm ak enfòmasyon ki nan ansyen aplikasyon imigrasyon yo. Si gen gwo diferans oswa enfòmasyon ki pa koresponn, yon avoka ka konseye w pou bay lòt prèv, tankou yon tès ADN.
Ajans Sevis Fwontyè Kanada CBSA/ASFC ap fè entèvyou avèk ou, epi li ka fè entèvyou tou ak fanmi w ki nan Kanada a. Y ap pale avèk nou separeman. Si fanmi w lan pa vini nan fwontyè a, CBSA/ASFC ka kontakte li nan telefòn.
CBSA/ASFC ka poze nou kesyon senp oswa kesyon ki pi detaye sou relasyon nou. Pa egzanp, yo ka mande si nou chak gen timoun, ki travay nou fè, ak enfòmasyon sou istwa imigrasyon nou. Apre sa, yo ka konpare repons nou chak bay.
CBSA/ASFC ka poze kesyon sou lòt manm fanmi tou. Pa egzanp, si fanmi w ki Kanada se fre w, CBSA/ASFC ka mande konbyen frè ak sè ou genyen ak ki non yo.
Si fanmi w ki Kanada a se mari oswa madanm ou, oswa patnè common-law ou, CBSA/ASFC ka poze kesyon ki pi detaye sou relasyon nou. Pa egzanp :
- ki lè ak ki kote nou te rankontre pou premye fwa
- ki lè relasyon nou te kòmanse
- poukisa nou te deside marye, si nou marye
- ki lè nou te kòmanse viv ansanm
- si te gen lòt moun ki te viv avèk nou
- konbyen nou te peye pou lwaye
- detay sou kay kote nou te viv la, tankou konbyen chanm li genyen
- enfòmasyon nou konnen youn sou lòt, tankou manje nou pi renmen, non paran nou ak konbyen frè ak sè nou genyen
CBSA/ASFC ka poze kesyon tou sou dokiman nou yo oswa sou enfòmasyon ki nan ansyen aplikasyon imigrasyon nou yo.
Men kèk egzanp dokiman ki ka pwouve estate fanmi w:
- Sitwayen kanadyen: yon paspò kanadyen oswa yon sètifika sitwayènte;
- Rezidan pèmanan: yon kat rezidan pèmanan;
- Moun ki fè yon demann refijye: yon Dokiman Idantite pou Pwoteksyon Refijye (Refugee Protection Identity Document – RPID / document d’identité du demandeur d’asile --DIDA) ansanm ak yon lèt ki konfime yo voye demann refijye a devan Komisyon Imigrasyon ak Estati Refijye Kanada (IRB/CISR);
- Moun ki gen pwoteksyon (protected person/Personne protégée): Avi Desizyon (Notice of Decision) IRB/CISR a;
- Travayè oswa etidyan: yon pèmi travay oswa yon pèmi etid.
Men kèk egzanp dokiman ki ka ede montre ou kalifye pou eksepsyon sa a:
- yon dokiman idantite ki montre ou poko gen 18 an;
- yon lèt paran w ekri pou eksplike sitiyasyon ou epi di ki kote yo ye kounye a;
- tikè avyon, dosye vwayaj oswa dosye imigrasyon ameriken paran w, si ou genyen yo.
Pou ou kalifye pou eksepsyon sa a, ou pa dwe gen yon paran oswa responsab legal ki nan Kanada oswa Ozetazini. Si youn nan paran w oswa responsab legal ou nan youn nan de peyi sa yo, menm si se sèlman pou yon ti tan, ou pap kalifye pou eksepsyon sa a.
CBSA/ASFC ap eseye verifye ki kote paran w oswa responsab legal ou ye. Pou fè sa, yo ka verifye dosye gouvènman, egzamine istwa vwayaj ou, pataje enfòmasyon ak otorite ameriken oswa kontakte paran w oswa responsab legal ou dirèkteman.
Sa a se youn nan eksepsyon nan Akò– STCA/ETPS yo itilize mwens souvan. Gen kèk ajan Ajans Sèvis Fwontyè Kanada (CBSA/ASFC) ki ka gen ti eksperyans oswa ki pa gen eksperyans ditou nan evalye ka moun ki pa gen sitwayènte okenn peyi.
Ka sa yo ka konplike, epi sitiyasyon chak moun diferan. Nou rekòmande anpil pou ou jwenn konsèy legal pou konnen si ou ka kalifye pou eksepsyon sa a epi pou ede w prepare dosye ou.
Men kèk dokiman ki ka ede pwouve ou pa gen sitwayènte okenn peyi:
- batistè ou oswa lòt dokiman idantite ki montre kote ou fèt ak non paran w
- batistè paran w oswa lòt dokiman idantite ki montre kote yo fèt
- dokiman ki montre estati imigrasyon ou nan peyi kote ou te viv
- yon dokiman ki montre ou pa gen okenn nasyonalite, pa egzanp, yon batistè ki di ou pa gen nasyonalite oswa yon dokiman vwayaj ki idantifye w kòm yon moun ki pa gen sitwayènte okenn peyi
- yon lèt oswa dokiman ofisyèl ki soti nan peyi kote ou fèt oswa nan peyi kote ou te viv, ki di ou pa gen sitwayènte oswa ou pa kapab jwenn sitwayènte peyi sa a
- si ou te mande sitwayènte oswa yon dokiman vwayaj nan nenpòt peyi, nenpòt dokiman gouvènman, konsila oswa anbasad peyi sa a te ba ou konsènan demann ou an;
- yon lèt opinyon sou sitiyasyon ou kòm moun ki pa gen sitwayènte, ki soti nan UNHCR/HCR
- si sa aplike pou ou, yon dokiman ki montre U.S. Immigration and Customs Enforcement (ICE) pa t kapab depòte w paske ou pa gen sitwayènte okenn peyi
- kopi lwa sou sitwayènte, rapò sou peyi a oswa lòt sous serye ki eksplike lwa sou sitwayènte peyi kote ou fèt la ak nenpòt lòt peyi kote ou te viv
Ou bezwen tou bay dokiman ki montre ou te viv Ozetazini pandan yon peryòd tan ki enpòtan
Men kèk dokiman ki ka ede pwouve ou se yon rezidan abityèl Ozetazini:
- prèv estati imigrasyon ou Ozetazini, tankou dokiman ki montre ki lè ou te rive Ozetazini pou premye fwa
- lisans chofè yon eta ameriken
- kat Sekirite Sosyal (Social Security card)
- kat labank oswa liv depo
- bòdwo sèvis
- fich peman oswa prèv istwa travay ou
- prèv ki montre ou te enskri lekòl
- yon lèt pwopriyetè kay ou ki konfime depi konbyen tan ou abite la
Ou ka bay dokiman ki resan ansanm ak ansyen dokiman oswa dokiman ki ekspire. Sa ka ede montre depi konbyen tan ou ap viv Ozetazini.
Ou dwe prepare tou pou eksplike CBSA/ASFC:
- ki kote ou te viv anvan ak ki estati ou te genyen nan peyi sa yo
- ki demach ou te fè pou eseye jwenn sitwayènte nan peyi kote ou te viv yo, epi poukisa demach sa yo pa t reyisi.
Sa a se yon lòt eksepsyon nan Akò– STCA/ETPS yo itilize mwens. Gen kèk ajan CBSA/ASFC ki ka gen ti eksperyans oswa ki pa gen eksperyans ditou nan evalye ka ki gen rapò ak pèn lanmò.
Ka ki gen rapò ak pèn lanmò ka konplike, epi sitiyasyon chak moun diferan. Nou rekòmande anpil pou ou jwenn konsèy legal pou ede w konnen si ou ka kalifye pou eksepsyon sa a epi pou ede w prepare dosye ou.
Men kèk dokiman ki ka ede pwouve ou ka fè fas ak pèn lanmò nan peyi ou oswa Ozetazini:
- yon manda arestasyon ki montre akizasyon kriminèl la
- yon dokiman tribinal ki montre akizasyon an, kondanasyon an oswa santans lan
- prèv ki ka ede montre dokiman ofisyèl ou genyen yo, tankou manda arestasyon oswa dokiman tribinal, se dokiman otantik. Pa egzanp, yon rapò yon avoka nan peyi ou prepare kòm ekspè
- prèv ki esplike kijan ou te rive soti nan detansyon epi kite peyi a, si sa aplike pou ou
- lwa oswa dispozisyon legal peyi ou ki montre krim yo akize w oswa kondane w pou li a ka pini ak lanmò
- atik jounal oswa lòt rapò nan medya ki pale sou akizasyon an, kondanasyon an, santans lan oswa evènman ki te mennen nan akizasyon oswa arestasyon an
CBSA/ASFC ka fè yon entèvyou avèk ou tou sou akizasyon oswa kondanasyon an. Ou dwe prepare pou eksplike an detay, pa egzanp:
- sa ki te pase nan peyi ou ki te mennen nan akizasyon oswa kondanasyon an
- si yo te arete oswa mete w nan detansyon, kijan ou te rive soti
- kijan ou te jwenn dokiman ki montre akizasyon oswa kondanasyon an
Men kèk dokiman ki ka ede pwouve ou gen yon viza oswa dokiman vwayaj ki valab:
- yon viza rezidan pèmanan ki valab nan paspò ou
- yon viza rezidan tanporè ki valab nan paspò ou
- yon Pèmi Rezidans Tanporè (TRP) gouvènman Kanada bay ki valab
- yon pèmi travay oswa pèmi etid ki valab epi ki pa gen rapò ak yon demann refijye ki pa t reyisi
- yon dokiman vwayaj ki valab gouvènman Kanada bay pou rezidan pèmanan
- yon dokiman vwayaj ki valab Pwogram Paspò Imigrasyon, Refijye ak Sitwayènte Kanada (IRCC) bay pou refijye
CBSA/ASFC ka chèche enfòmasyon sou entènèt sou ou ak sou manm fanmi w. Si kont ou sou rezo sosyal yo piblik, CBSA/ASFC ka gade enfòmasyon ki ladan yo. CBSA/ASFC ka verifye si enfòmasyon yo jwenn sou ou sou entènèt koresponn ak enfòmasyon ou bay lè ou fè demann refijye ou.
Nou rekòmande pou ou eseye jwenn dokiman orijinal ou yo. Menm si dokiman orijinal yo domaje oswa yo ekspire, nou rekòmande pou ou prezante yo kanmenm.
Nou konprann li pa toujou posib pou yon moun genyen dokiman orijinal li yo. Yo ka pèdi, oswa gouvènman ameriken an ka kenbe yo.
Si ou pa gen dokiman orijinal la, ou ka bay yon kopi. Prepare w pou eksplike ajan CBSA/ASFC a poukisa ou pa kapab jwenn dokiman orijinal la. Nan kèk ka, yon kopi ka pa sifi. Nou rekòmande pou ou jwenn konsèy legal sou dokiman ou genyen yo ak lòt prèv ki ka itil.
CBSA/ASFC bezwen egzamine dokiman ki an anglè oswa an fransè, ki se de lang ofisyèl Kanada. Si dokiman ou yo nan yon lòt lang, nou rekòmande pou ou fè yo tradui pa yon tradiktè sètifye anvan ou ale nan fwontyè a.
Si ou pa fè tradui dokiman yo, CBSA/ASFC ka sèvi ak pwòp entèprèt pa li pou ede egzamine yo, men pa gen garanti y ap fè sa
Anplis, si CBSA/ASFC deside ou pa kalifye pou yon eksepsyon nan STCA/ASFC a epi ou vle konteste desizyon sa a, li ka pi difisil pou ou sèvi ak dokiman ki pa t tradui lè ou te prezante yo bay CBSA/ASFC pou premye fwa.
Ou pa bezwen pote dokiman nan fwontyè a pou pwouve poukisa ou pè pèsekisyon nan peyi ou.
Entèvyou ou ak CBSA nan fwontyè a fèt sitou pou detèmine:
- si ou kalifye pou youn nan eksepsyon nan Akò– STCA/ETPS epi
- si ou kalifye pou yon eksepsyon, si demann refijye ou a kalifye pou yo voye li devan Komisyon Imigrasyon ak Estati Refijye Kanada (IRB/CISR).
Entèvyou sa a se sèlman premye etap nan pwosesis demann refijye a. CBSA/ASFC ka mande w poukisa ou pè retounen nan peyi ou, men se pa CBSA/ASFC ki deside si Kanada pral ba ou pwoteksyon kòm refijye. Desizyon sa a ap fèt pita, swa nan yon odyans sou demann refijye ou devan IRB/CISR, oswa atravè yon Evalyasyon Risk Anvan Depòtasyon (PRRA/ERAR).
Si ou gen dokiman ki sipòte demann refijye ou, tankou rapò, atik jounal, dokiman ofisyèl, foto oswa lòt prèv, fè kopi epi sere yo yon kote ki an sekirite. Pita, ou ka bay avoka oswa reprezantan legal ou dokiman sa yo. Yo ka egzamine prèv yo epi konseye w sou sa ki ka itil pou dosye ou.
Klinik nou an pa bay reprezantasyon legal apre yon moun antre Kanada.
