
Avi legal
Sit sa a bay enfòmasyon legal jeneral. Enfòmasyon sa yo ka ede w konprann lwa ak pwosesis ki aplike nan fwontyè a, dwa ak responsabilite ou, ansanm ak ki lè ak ki kote ou ka jwenn èd.
Sit entènet sa pap bay konsèy legal sou sitiyasyon espesifik pa w. Enfòmasyon sa yo pa di w sa ki pral rive w nan fwontyè a, ni ki desizyon ou ta dwe pran.
Lwa ki aplike pou moun k ap rive nan frontyè Kanada ak Etazini an konplike, epi sitiyasyon chak moun diferan. Nou ankouraje w jwenn konsèy legal. Aprann plis sou sèvis legal klinik nou an ofri pou w ka konnen si nou kapab edew.
Kesyon Komen
Kanada ak Etazini itilize mo diferan pou pwosesis kote yon moun mande pwoteksyon. Kanada, yo rele sa ‘‘fè yon deman refijye’’. Ozetazi yo rele sa ‘‘mande azil’’ oswa ‘‘fè yon demann azil.’’ Mo yo diferan, men lide a se menm bagay la : se mande pwoteksyon paske ou pè pèsekisyon nan peyi kote ou soti a.
Aprann plis sou fason yo pran desizyon sou demann refijye nan Kanada.
Pou konnen si ou ka fè yon demann refijye nan fwontyè Kanada, premye sa ou bezwen konnen se Akò sou Twazyèm Peyi ki An Sekirite a (Safe Third Country Agreement – STCA/Entente sur les tiers pays sûrs – ETPS)
Akò – STCA/ETPS a se yon akò ant Kanada e Etazini. Akò sa a detèmine nan ki peyi yon moun ka fè yon demann refijye. Dapre Akò – STCA/ETPS a, pifò moun ki Ozetani pa kabab fè yon demann refijye nan fwontyè Kanada.
Si ou Ozetazini, ou dwe kaliffye pou youn nan eksepsyon Akò – STCA/ETPS a pou ou kapab fè yon demann refijye nan yon pòs fwontyè Kanada.
Lè ou rive nan fwontyè Kanada, yon ajan Ajans Sèvis Fwontyè Kanada (CBSA/ASFC) ap fè yon entèvyou avèk ou epi li pral egzamine dokiman ou yo. Ajan an ap decide si ou menm ak nenpòt manm fanmi ki avèk ou satisfè kondisyon pou youn nan eksepsyon Akò– STCA/ETPS. Kanada egzamine sitiyasyon chak manm fanmi a separeman. Sa vle di yon manm fanmi ka kalifye pou yon eksepsyon, pandan ke yon lòt manm nan menm fanmi sa pa kalifye. Se poutèt sa, manm menm yon sèl fanmi ka resevwa desizyon diferan nan fwontyè Kanada.
Si CBSA/ASFC deside ou pa kalifye pou okenn eksepsyon Akò– STCA/ETPS a, yo pap pèmèt ou fè yon demann refijye nan frontyè Kanada. Yap voye w tounen Ozetazini.
Si CBSA/ASFC deside ou kalifye pou yon eksepsyon, y ap pèmèt ou antre Kanada. Lefèt ke yo pèmèt ou antre Kanada pa vle di ke demand refijye ou ap otomatikman kalifye w pou yo voye demann refijye ou devan Komisyon Imigrasyon ak Estati Refijye Kanada (IRB/CISR). IRB/CISR se tribunal administratif gouvènman Kanada ki deside kiyès ki gen dwa resevwa pwoteksyon kòm refijye nan Kanada. Gen lòt règ ki detèmine si yon demann refijye kalifye pou yo voye li devan IRB/CISR a oswa non.
Poukisa demann azil mwen pa kalifye?
Anba a w ap jwenn eksepsyon ki genyen nan Akò– STCA/ETPS. Si yon moun kapab pwouve yo kalifye pou youn nan eksepsyon say o, li ka antre Kanada epi mande pwoteksyon kòm refijye.
Ou ka kalifye pou eksepsyon sa a si ou gen yon fanmi pwòch nan Kananda ki gen yon estate imigrasyon ki Kalifye. Yo rele fanmi sa a ki nan Kananda yon ‘fanmi referans’.
Fanmi sa a pa oblije ba ou lajan oswa lòt kalite sipò lè ou rive Kanada pou li ka sèvi kòm fanmi referans ou. Lefètke moun nan se‘fanmi referans ou pa vle di se li k ap parennen w pou immigrasyon.
Fanmi referans ou a dwe ranpli twa kondisyon say o:
Premye kondisyon: Se sèlman kèk kalite relasyon familiyal ki kalifye. Pou yon moun ka sèvi kòm fanmi referans ou, moun sa a ki nan Kanada dwe youn nan moun sa yo pou ou:
- Mari oswa madanm ou (sa gen ladan maryaj ant de moun menm sèks,) depi maryaj la legal epi li reyèl
- Moun ou plase avè l san maryaj,e nou viv ansanm kòm yon koup pandan pandan omwen 12 mwa youn apre lòt
- Papa w oswa manman w
- Pitit ou
- Frè w oswa sè w (sa gen ladan demi-frè ak demi sè)
- Granpapa w oswa grann ou
- Pitit pitit ou
- Matant ou oswa tonton w (Frè oswa sè youn nan paran w)
- Nyès ou oswa neve w
- Responsab legal ou
Pa gen lòt manm fanmi ki kalifye. Men kèk egzanp moun ki pa ka sèvi kòm fanmi referans:
- kouzen oswa kouzin
- gran matant oswa gran tonton (matant oswa tonton youn nan paran w)
- moun ki fanmi w akoz maryaj, tankou bèlmè, bòpè, belsè, bofrè, elatriye
- bòpè oswa bèlmè ki marye ak youn nan paran w, pitit mari oswa madanm ou, oswa pitit youn nan paran w genyen ak yon lòt moun
- yon mou nou konsidere kòm fanmi, men ki pa fanmi w ni pa san ni pa adopsyon
Wap bezwen bay prèv ki montre relasyon familial ki genyen ant ou menm ak fanmi referans ou a.
Ki dokiman ki ka ede m pwouve relasyon mwen ak fanmi mwen ki nan Kanada a?
Dezyèm kondisyon: Fanmi w lan dwe gen yon estati imigrasyon ki kalifye nan Kanada. Fanmi w lan dwe genyen youn nan estati say o Kanada:
- li se yon sitwayen kanadyen
- li se yon rezidan pèmanan
- li se yon moun ki gen pwoteksyon nan Kanada, pa egzanp, yon moun yo te aksepte demann refijye li
- li gen 18 an oswa plis, li fè yon demann refijye, epi yo voye demann nan devan Komisyon ak Estati Refijye Kanada (IRB/CISR\CISR)
- li gen 18 an oswa plis epi li gen yon pèmi travay oswa yon pèmi etid ki valab, nan pifò ka
- nan kèk ka, li se yon moun yo deja bay yon apwobasyon an prensip pou yon aplikasyon pou rezon imanitè (Humanitarian and Compassionate - H&C) oswa pou yon aplikasyon parennaj mari oswa madanm ki fèt anndan Kanada.
Men kèk egzanp moun ki pa ka sèvi kòm fanmi referans paske yo pa gen yon estate imigrasyon ki kalifye
- yon moun ki ka fè yon demann refijiye epi ki poko gen 18 an
- yon moun yo te refize demann refijiye li, ki te retire demann li, ki te abandone li, oswa yo te mete fen nan demann li
- yon moun ki fè yon demann refijye ki pa kalifye pou yo voye devan IRB/CISR a. Sa gen ladan moun ki te fè yon Evalyasyon Risk Avan Depòtasyon (PRRA/ERAR) oswa moun Kanada pa ka depòte pou kounye a. Gade isit la pou yo voye devan IRB/CISR.
- yon moun ki poko gen 18 an epi ki gen yon pèmi travay oswa pèmi etid
- kèk moun ki gen pèmi travay yo te ba yo apre yo te refize demann refijye yo oswa yo te decide demann refijye yo oswa yo te decide demann yo pa kalifye
- yon vizitè
Twazyèm kondisyon: Fanmi referans ou a dwe prezan fizikman nan Kanada. Lè ou fè demann refijye ou nan fwontyè a, fanmi referans ou dwe prezan fizikman nan Kanada. Si moun nan deyò Kanada lè sa a menm si se sèlman pou yon ti tan, li pa ka kalifye kòm fanmi referans ou.
Ou ka kalifye pou eksepsyon pou minè ki pou kont yo si tout kondisyon sa yo aplike pou ou;
- ou poko gen 18 an;
- ou pa marye;
- ou pa nan yon relasyon common-law, sa vle di ou pa ap viv ansanm an koup nan yon relasyon pandan omwen 12 mwa youn apre lot (plasaj)
- ou pa gen ni papa w, ni manman w, ni responsab legal ou nan Kanada oswa Ozetani.
Ou pap kalifye pou eksepsyon sa si papa w, manman w ou responsab legal ou nan Kanada oswa Ozetazini. Sa valab menm si yo la sèlman pou yon ti tan oswa yo pa gen estati imigrasyon legal. Nan ka sa a, se prezans paran w oswa responsab legal ou nan youn nan de peyi yo ki enpotan, se pa estati imigrasyon yo. Yo ka mande w pou bay prèv ki montre ki kote paran w ye.
Si ou kapab pwouve ou se yon moun ki pa gen sitwayènte oken peyi epi ou se yon rezidan abityèl Ozetazini, ou ka kalifye pou eksepsyon sa nan STCA/ETPS a.
Kanada konsidere yon moun san sitwayènte si okenn peyi pa rekonèt li kòm yon sitwayen dapre lwa peyi a oswa dapre fason lwa yo aplike an pratik. Pou ou kalifye pou eksepsyon sa a, ou dwe fè tout demach ki rezonab pou eseye jwenn yon sitwayente kelkonk.
Anplis lefètke ou pa gen sitwayènte okenn peyi, ou dwe yon rezidan abityèl Ozetazini pou ou kalifye pou eksepsyon sa a. Sa vle di ou dwe yon moun ki te viv Ozetazini pandan yon peryòd tan ki enpòtan. Si ou Ozetazini kòm vizitè, si ou sèlman ap pase nan peyi a pou ale yon lòt kote, oswa si ou fèk kòmanse viv Ozetazini, Kanada ka deside ou pa yon rezidan abityèl Ozetazini. Nan ka sa a, ou pap kalifye pou eksepsyon sa a.
Ou ka kalifye pou eksepsyon pou moun ki gen dokiman, si ou kapab pwouve ou genyen youn nan dokiman sa yo :
- yon viza rezidan tanporè oswa yon viza rezidan pèmanan pou Kanada ki valab
- yon Pèmi Rezidans Tanporè (TRP) ki valab
- yon dokiman vwajaj Kanada bay ki valab (pou rezidan pèmanan oswa refijye).
Yon viza transpò kanadyen oswa yon Otorizasyon Elektwonik pou Vwayaje (eTA) pa pèmèt ou kalifye pou eksepsyon sa a.
Ou ka kalifye pou eksepsyon sa a si ou se sitwayen yon peyi kote sitwayen peyi sa a pa bezwen viza pou antre Ozetazini.
Ou ka kalifye pou eksepsyon sa a, ki baze sou enterè piblik si ou kapab pwouve yo te akize w oswa kondane w pou yon krim ki ka pini ak lanmò nan peyi kote ou soti a oswa Ozetazini.
Ou ka kalifye pou eksepsyon sa a sèlman paske ou pè pou lavi ou. Ou dwe te akize oswa kondane pou yon krim ki ka pini ak lanmò.
Ou ka kalifye pou eksepsyon sa a si youn nan sitiyasyon say o aplike pou ou :
- Ou te eseye antre Ozetazini soti Kanada men Etazini te refize kite w antre epi kounye a y ap voye w tounen Kanada. Si Etazini pa janm pran yon desizyon sou yon demand azile ou te fè, ou ka gen dwa fè yon demann refijye nan fwontyè Kanada;
oswa
- Ou se yon rezidan pèmanan Kanada epi y ap retire w Ozetazini pou voye w tounen Kanada.
Akò– STCA/ETPS pa aplike pou sitwayen ameriken. Sa vle di, an prensip, yon sitwayen ameriken ta dwe kapab fè yon demann refijye nan fwontyè Kanada. Sepandan, nou rekòmande anpil pou sitwayen ameriken yob yen reflechi sou konsekans yon demann konsa anvan yo fè li.
Non. Akò sou Twazyèm Peyi ki An Sekirite a STCA/ETPS pa aplike lè ou rive Kanada nan ayewopò oswa nan pò maritim. Si ou rive nan avyon oswa nan bato, ou pa bezwen kalifye pou youn nan eksepsyon– STCA/ETPS yo.
Gen yon sitiyasyon kote STCA/ETPS a ka aplike nan yon ayewopò. Si Etazini ap depòte oswa voye w nan yon lòt peyi atravè Kanada, epi pandan pasaj ou nan yon ayewopò kanadyen ou vle fè yon demann refijye, – STCA/ETPS a aplike.
